『Eske Sentesprin a ka kite w?』のカバーアート

Eske Sentesprin a ka kite w?

Eske Sentesprin a ka kite w?

無料で聴く

ポッドキャストの詳細を見る

このコンテンツについて

1️⃣ Nou sele ak Sentespri a pou tout tan

📖 Éphésiens 1:13-14
"Nan li, nou menm tou, lè nou te tande pawòl verite a, levanjil delivrans nou an, lè nou te kwè, nou te resevwa mak Sentespri a ki te pwomèt la. Se li menm ki se garanti eritaj nou jiskaske delivrans la fin fèt pou tout moun Bondye ap mete apa yo."

🔹 Sa vle di:

  • Sentespri a se yon mak sou lavi ou, li se prèv ke ou fè pati Bondye.
  • Ou resevwa l yon sèl fwa lè ou kwè, epi li rete ak ou kòm yon garanti.

📖 Jean 14:16-17
"Mwen pral mande Papa a, l ap voye yon lòt konseye pou nou, li p ap janm kite nou. Se Lespri verite a..."

🔹 Sa vle di:

  • Jezi te pwomèt ke Sentespri a p ap janm kite nou.
  • Si Bondye bay yon bagay kòm yon kado etènèl, li pa janm reprann li.

📖 Éphésiens 4:30
"Pa fè lapenn Sentespri Bondye a, pa bliye se ak Lespri sa a Bondye make nou pou jou delivrans lan."

🔹 Sa vle di:

  • Ou ka fè Sentespri a lapenn si w viv nan peche.
  • Men li pa kite w, li korije w pou mennen w tounen sou bon chemen.

📖 Hébreux 12:6
"Paske Seyè a korije moun li renmen yo, li bat tout pitit li aksepte yo."

🔹 Sa vle di:

  • Si w gen Sentespri a, ou pap santi w alèz nan peche.
  • Bondye ap korije ou ak lanmou pou mennen w tounen.

Si w se yon vre pitit Bondye, Sentespri a pa ka kite w. Ou sele, ou sekirize, e Bondye kenbe w nan men li. Men, si w viv nan peche, ou ka santi w lwen Bondye, paske ou pa kite Sentespri a dirije w. Solisyon an se repanti epi retounen bò kote Bondye.

2️⃣ Sentespri a pa janm kite vrè pitit Bondye yo

3️⃣ Men, ou ka aflige Sentespri a

4️⃣ Bondye korije pitit li yo, men li pa abandone yo

Eske Sentesprin a ka kite w?に寄せられたリスナーの声

カスタマーレビュー:以下のタブを選択することで、他のサイトのレビューをご覧になれます。