エピソード

  • Framework Conversations (Trailer)
    1 分
  • Kòmanw kapab gen yon konvèzasyon ki Difisil sanw pa kreye plis KONFLI!
    2023/05/07

    Nan epizod sa, nou wè 5 fason ke yon moun kapab gen yon konvèzasyon ki difisil swa avèk ekip li, manm fanmil oswa patwonl sanl pa rive kreye plis konfli.

    • Youn nan egzanp nou site nan epizod sa nan sa ki gen wè ap dirije avèk konpasyon se egzanp Jeff Weiner te pataje nan konvèzasyon li avèk Oprah; kote lap esplike move entèpretesayon anpil moun fè sou sa ki gen pou wè ak lè yon moun ap dirije avèk konpasyon ak kisa konpasyon pa ye.


    • Nou rete kwè gen plis fason toujou ke moun ki nan pozisyon pou dirije oswa moun yap dirije yo kapab rive diskiste sou sa ki pa fè yo byen oswa kap mal mache antouraj yo nan sousi pou jwenn solisyon san yo pa kreye plis konfli men pito rive pote chanjman radikal sa ke tout moun swete wè a anndan òganizasyon oswa kominote sa. Jan nou repete souvan nan podkas sa, "Lidèship se Disiplin" e tout moun ki nan pozisyon pou lid lòt moun si pa gen disiplin ap toujou gen konfli ki pa nesesè. Epitou Lidè yo sipoze ap fòme tèt yo san kanpe paske se youn nan pi meyè fason pouw pi byen oryante moun sa yo ke wap lid yo.
    • Sonje sa byen, se pa tout konfli kew paka evite men lesansyèl se koman ou abòde sityasyon an kap baw yon rezilta diferan. Nou swetew jwenn fason paw lan kap edew gen konvèzasyon difisil sa epi rive fè chanjman radikal sa nan kilti òganizasyon oswa kominote wap evolye.


    Sonje pataje epizod ou sot koute a ak yon lot moun ou pa janm konnen ki diferan li ka fè nan lavi pal.




    続きを読む 一部表示
    13 分
  • Kòman Pouw koupe Fache ak Move ABITID Yo.
    2023/02/05
    Nan epizod sa, nou pale sou kòman ou kapab koupe fache ak move ABITID yo epi pataje 2 aksyon siw aplike kap edew fini ak move abitid sa epi vini moun ke ou vle ye a. “Lespwa pa kapab chanje modèl lidèchip ou. Men abitid ou yo ka chanje modèl lidèchip oswa kalite moun ke ou ye a." James Clear: « Chanje konpòtman pi enpòtan epi lap dire pi lontan lèw pran tan ki nesesè a pouw rive fè chanjman sa, se konsistans kap baw rezilta sa parapò ak tan an». Youn nan Bagay mwen vle atire atansyonw sou li, se move abitid yo ap koutew chè kanmenm. Siw toujou ap viv san rete nan lobedyzns move abitid ou yo, mod konpotman sa pral mennen lavi ak lidèchip wap ekzekite a egzakteman kote ou pat vle rive a. Atansyon, veye byen 5 deklanchè komen sa yo: • Andwa- ou pap manje twòp nan sant espò a, men ou kapab petèt fè sa devan gadmanje a. • Tan - Ou santil nòmal pouw pa mezire tan lè wap repoze, men ou gen tandans jistifye retaw la nan semèn nan ak yon eskiz kew fatige anpil. Wap ka koute lot yo nan epizod la. Pa bliye pataje epizod lan ak yon lot moun.
    続きを読む 一部表示
    16 分
  • 3 Aksyon kap edew rete FOKIS, malgre ou STRESE!
    2022/03/15
    Nan epizod #27 la, ansanm avèk sikològ Natacha Desir nou pale sou kisa strès la ye, bagay sa yo ki ka lakoz nou strèse ak kouman nou pakap rive jere moman strès yo, pouw rete fokis epi rive atenn objektif nou yo oswa akonpli rezolisyon ke nou te fikse pou ane sa. Epizòd sa se youn pami anpil lòt nap gen pou nou fè sou Estrès epi enpòtans sante mantal nou si nou vle rete pwodiktif men sitou jwenn relasyon entim sa ak pwòp tèt nou. Sonje nou ka poze kesyon nou yo nan kòmantè yo oswa voye yon mesaj vokal pou nou nap twò kontan reponn nou nan pwòch en epizòd la. Pa bliye abòne ak podcast la sou platfòm ke moun Ka tande podcast pouw ka resevwa tout denye epizòd nou yo. Nou kontan genyenw kòm oditè, siw se youn nan moun kap tande nou depi 2019 fè nou konn sa nan yon kòmantè paske nou ta renmen salyew nan pwochen epizod la men kite yon ti kado pou ou 🤩
    続きを読む 一部表示
    20 分
  • Pa pran ankenn rezolisyon anvanw reponn 3 kesyon sa yo!
    2022/01/13
    Pou ane 2022 sa kew jwenn pi bon fòmil kap pèmèt ou reyalize pwojè ou a, men sitou antanke lidè pou ou gon pi bon enpak pozitiv nan lavi sila yo wap dirije yo… Lidèship se enfliyans donk veye sou modèl enfliyans wap degaje nan antouraj ou. Pandan tout ane sa, sonje ke konsistans ansanm ak pèsistans se yo ki pral pwodwi chanjman sa kew ta renmen wè nan ane kap vini yo. Pandan wap réfléchi ak objektif ou yo, sonje ke anpil fwa pwogrè a konn tèlman klè devan jew, sa konn koz ou bliye tout wout kew pase pouw rive kotew ye a, jiskaskew fon ti gade dèyè. Youn nan bon prensip ke mwen swete pataje avèw pouw ane sa parapò ak objektif ou yo, se fè sur kew kapab mezire tout objektif sa yo, siw paka mezire yo, yo pa yon objektif. Se kapab petèt yon bon oswa bèl ide, li ka petèt yon bagay kew ta renmen reyalize, oubyen yon bagay kew swete fè meditasyon sou li. Toutotan, se pa yon bagay kew kapab mezire, yon bagay kew ka kantifye, mete yon dat spesifik sou li epi revizel regilyèman, li poko yon objektif. Pou ane sa, Olye nap mete yon pakèt bèl rezolisyon nan lis nou, anpil fwa ki sèlman baze sou lafwa; paske gen anpil kondisyon ki reyni poun paka reyalize yo vre. Map envitew konsidere ansanm ak mwen 3 kesyon sa yo, ke mwen kwè kap pote yon diferans nan anviwonman travay ou ansanm avèk ekip ou pou nouvo ane sa. 1-Kijan ou ka kontinye envesti nan manm ekip ou yo? 2-Ki Bagay kew te fè oswa metod ke ou te aplike nan fasonw Travay ki fè moun sa yo toujou renmen Travay avèk ou? 3-Kisa moun ke wap sèvi yo te apresye pandan ane ki sot pase a nan modèl lidèchip wap aplike a? Se kesyon sa yo nou eseye gade nan epizod sa epi pataje refleksyon ak eksperyans pèsonèl nou ak ou. Si se pwemye fwa wap koute podcast sa, mwen envitew tape framework Conversations sou tout platfòm ke moun ka tande podcast pouw ka gen aksè ak tout ansyen épisode nou yo epi abonde pouw ka resevwa nouvo épisode nou yo chak fwa yo disponible. Non Pam se Davidson Jules,
    続きを読む 一部表示
    16 分
  • Ayiti - Lajenès - Sendomeng (E si tout sa yo te di nou yo, se te MANTI… 🤔).
    2021/08/30
    Epizòd sa son epizòd ki anrejistre nan yon kad espesyal. Envite nou pou epizòd sa se Jean Marley Steeve Cantave; ansanm ak Cantave nou pale sou pwosesis entegrasyonl antanke jèn Aysyen ki te debake nan Sendomeng sa pral gen 6 lane. Ansanm nou eseye konprann Jan 2 peyi vwazen sa yo fonksyone, opòtinite ak pwoblèm ke jèn nan 2 peyi a sa yo ap fè sa men tout fenomèn Aysyen ki ale Viv Sendomeng pa grap nan denye moman sa yo. Epizòd sa plis baze sou eksperyans envite a nan tout 2 peyi sa yo, pandan lap pataje opinyon pèsonèl li sou sal konprann epi pataje kèk konsèy parapò ak sal Viv pou sila sa yo ki fenk antre vin Viv Sendomeng ak tout lòt moun sa yo ki gen entansyon vin viv la. Son Epizòd ki anrejistre San pwotokòl se te jis yon chita pale ant 2 zanmi pou yon konvèzasyon kap itil. Sonje pataje epizod nou yo epi abone ak podcast nou an ki disponib sou tout platfòm kew ka tande podcast, pouw ka pa ankenn nan denye epizòd nou yo.
    続きを読む 一部表示
    1 時間 43 分
  • Poukisa yon Lidè sispann GRANDI?
    2021/06/21
    Sak pase! Non pam se Davidson Jules e byenvini nan Framework conversations. Majorite moun swete wè bagay yo chanje, yo plis ke motive pou yo chanje mond lan, men anpil nan nou pa konsyan ke li preske enposid pouw chanje anyen nan mond sa si tout fwa ou pa deside kòmanse chanje tèt ou anvan. Nan epizod jodia nou pral pale de 4 abitid pami anpil lot ki ka fè yon lidè oswa nenpòt moun Lan sispann grandi. 4 abitid ki ka fè yon lidè ou nenpòt moun sispann grandi, e tou depan de kisaw fè kòm aktivite oswa pozisyon GRANDI paw la kapab diferan de kòlèd ki kotew la. Gen anpil Rezon ki ka koz yon lidè sispann grandi, yon lidè ki sispann grandi kapab tounen yon andikap pou moun lap lid yo, antrepriz oswa kominote lap sèvi a. Sijè nap gade ansanm jodia son sijè ke anpil gran lidè ak chef antrepriz tankou: Kent Ingle president South Eastern university nan Florida, Pastè Greg Grochel youn nan inisyatè Somè modyal sou lideship ki fet chak ane, … pataje opinion pa yo sou sijè sa. “Poukisa yon lidè sispann grandi?” Se petet kesyon ke anpil nan nou souvan poze e petet ke jodia a anko wap tann yon repons. Egzanp yo anpil, senp antreprenè oswa lidè ke nan yon epòk nou te konn pran kòm modèl, moun kite enspire nou anpil bagay men a yon moman done nan kous la nou reyalize ke moun sa yo sispann grandi, yo sispann enspire nou e jodia tout pi gro reyalizasyon lidè sa yo se sa ke yo te fè pase. Nan kominote pa nou Ann pran yon istwa tankou istwa Mathias Pierre a kòm egzanp: A yon epòk Mathias Pierre reprezante yon bousòl pou anpil jèn nan peyi a, Fondation ETRE Haitian se youn nan pi bon sant oswa platfòm ki te ka janm egziste pou jèn nan peyi sa… Anpil nan nou kap tande epizod sa te petèt benefisye de modèl lidèship Mathias or vizyon antreprenaria li tap eseye mete nan fason nou panse kòm jèn (kòm moun) etc… Jounen jodia Mathias se youn nan pèsonalite piblik moun plis kritike San okenn respè nan radyo ak sou rezo yo… Men eske gon moun oswa eske Mathias rann li kont aki moman li sispann yon modèl pou jèn moun nan peyi a, ke model lideship li vin pa vle di anyen ankò pou anpil moun e menm pouse anpil moun a bliye sil te gon pase ki te itil… nou pap fon epizod sou lavi Mathias men mpanse egzanp Mathias la se youn pami anpil lòt egzanp de lidè sa yo ki sispann gandi a yon moman ou yon lòt… Parapò ak egzanp Mathias la, gen plizyè kesyon nou ta kapab poze: * Ki Sak koz lidè yo sispann grandi, aprè kek akonplisman? * Poukisa depi lidè yo sispann grandi yo tonbe nan yon nivo ki pi ba ke lè yo tap fenk komanse? Nap jwenn plizyè Egzanp sa yo de model lidè sa yo nan kominote nou an, refleksyon ki fèt sou sijè sa; pèmèt nou rive konprann ke wap jwenn omwen 2 a 3 karakteristik ke sa Lakay modèl lidè sa yo ki sispann grandi nap rele abitid nan epizod ke map gen poum pataje ansanm avèw nan pati 2 a. 4 Atitid ki ka non sèlman edew rekonèt modèl lidè sa yo men sitou evite ke ou menm ou tonbe nan menm pyèj sa pi devan, paske vle ou pa pandan pwosesis la wap gen pouw fè fas ak sityasyon parèy. 1- Moun sa yo panse ke yo rive kote yo vle swete rive a! Donk pa gen obligasyon pou yon kontinye Travay sou tèt yo nan sousi pou yo vin yon pi bon vèsyon de moun ke yo ye kounia. Anpil lidè konsidere ti pwemye siksè ke yo fè nan kous la kòmsi yo te atenn pik somè siksè yo. Donk yo akonpli yon bagay kèlkonk nan karyè yo epi yo sispann grandi. 2- Yo plis chita sou sa yo te akonpli nan yon epòk! Sa ka etonew ke anpil lidè toujou panse ke yo ka kontinye ap gide ekip yo nan yon pi bon demen baze sou prensip ak metòd ki te pèmèt yo fè siksè 10 - 15 lane avan. Anpil fwa nou pa konsyan ke bagay nap fè tout tan yo pap mennen nou ni bay okenn rezilta key pat janm gen avan e se youn nan pi gwo andikap lidè sa yo ki vle yon pi bon Fiti men ki rete kwense sou akonplisman pase yo. E chwa konsa ap pèmèt ou wè fitiw nan pasew selman! … 3&4. …. Paske alafen se swaw kontinye grandi nan pwosesis la, kreye chanjman oswa…
    続きを読む 一部表示
    20 分
  • Marie Jenny Dorléan yon modèl Lidèship Feminin Poun Ankouraje (ansent a 16 zan daj...CEO Bèlpanyen)
    2021/03/08
    Nan epizod sa nou prezantew Marie Jenny Dorléan, ki son lidè, yon jèn fanm angaje, inisyatèz diferan aktivite kominote yo e ki reprezante Kenscoff komin kotel soti avek anpil fyète. Jenny ap dirije Pwòp bisniz li kison statòp sou non “Bèl Panyen”. Bèl Panyen son biniz ki fasilite moun achte fri ak tout kalite legim frè pou nenpot okazyon. Wap ka visite oswa komande saw vle a sou Paj Facebook ak Instagram biznis lèw tape “Bèl Panyen”. Pandan tout konvèzasyon an, Marie Jenny Dorlean pale nou de Kèk lidè pami lidè fanm sa yo ki enflyanse aksyon ak desizyon kel pran pandan egzistans li. Li mansyone Listwa Oprah W. kòm youn nan istwa ki te enspirel epi edel soti nan yon period kite trè difisil nan lavil, nan moman kel te ansent a 16 zan daj el te nan klas reto alepok. Jus imajinew nan yon sitiasyon parèy! Se vre period sa te difisil pou li men li pat abandone lekol li nil pat abandone tou bebe sa kel tap pote a, kise youn nan sous lajwal jounen jodia. Atanke fanm kap fè biznis nan yon peyi osi difisil ke Ayiti, Marie Jenny D. pataje ak nou 3 atid ak 3 aksyon li kwè ke yon moun kap fè oswa ki pral lanse yon biznis dwe aplike nan woutin epi poze kòm aksyon nan lide poul sa rive wè rev sa vini yon reyalite. Menm Jan ak tout moun kap fè biznis Marie Jenny D. Konn kase danl tou parapò ak desizyon epi chwa ke lap fè nan biznis men sa pa anpechel kontinye avanse epi satisfè kliyantèl li a... Se pa toujou fasil poun jwen moun ki chwazi ofri sevis yo ak lot moun oswa a yon kominote jèn gratis e kòm moun ki deside dirije pandan lap sevi kom egzanp pou moun lap lid yo, Jenny abitye ofri sevis li kòm volontè a plizyè òganozasyon e nan epizod sa li pwofite pataje opinyonl ak nou sou nesesite epi enpotans pou yon jèn fè volontaria men tou li pataje kek benefis kel jwenn nan ofris sevis li gratis ak lot moun. Marie Jenny Dorlean son model lideship feminin ke anpil moun ta sipoze swiv pou kouran ak detèminasyonl nan lavi. Mwen envitew tande tout epizod pouw sa gen plis detay sou modèl lidèship feminin sa padan nap pwofite raple ke gen anpil lot fanm tankou Marie Jenny Dorléan anndan kominote yo kap fè anpil bagay ekstrawòdinè e ki merite ke nou ba yo kredi pou diferans yap fè nan vi moun sa yo ke yap lid yo pou yon pi bon sosyete. Pa bliye kite kesyon ak komantèw yo pou nou sou nenpot platfòm wap tande epizod sa e siw poko abòne ak chanel nou an pa ezite fè sa pouw ka rete konekte ak nou men sitou gen eksklizivite tout denye epizod nou yo. Sonje pataje epizod sa tou ak yon zanmi paskew pa janm konnen ki diferans li ka fè nan lavi pal. Framework conversations disponib sou tout platfòm kew kapab tande podcast 🎧
    続きを読む 一部表示
    1 時間 19 分