『Kisa nou rele "ansèyman siperyè" ?』のカバーアート

Kisa nou rele "ansèyman siperyè" ?

Kisa nou rele "ansèyman siperyè" ?

無料で聴く

ポッドキャストの詳細を見る

このコンテンツについて

DEFINISYON

Ansèyman siperyè se tout etid ki vini aprè lekòl segondè, oswa ki pi wo pase nivo segondè, ki vize transmèt konesans teworik ak kapasite syantifik nan lide pou fòme moun ki pral reflechi, kreye solisyon pou sosyete a fonksyone epi avanse. Nou pa dwe konfonn ansèyman siperyè ak ansèyman pwofesyonèl-teknik. Yo diferan men youn konplete lòt. N ap eksplike diferans lan atravè egzanp yon izin : ansèyman pwofesyonèl-teknik fòme moun ki pou fè izin nan fonksyone chak jou : teknisyen pou manevre, kontwole epi repare machin; sipèvize travay ouvriye; sekirize sit pwodiksyon an; egzekite plan oswa lòd ki soti anwo; ansèyman siperyè fòme moun ki pou etidye anviwònman kote izin nan plase, enjenyè ki pou devlope machin ak teknoloji (gras ak tewori syantifik) oswa k ap fè konsepsyon nouvo plan pou amelyore travay la (mo "enjenyè" a soti nan "jeni" ki vle di "lespri k ap kreye").

ENSTITISYON

Gen plizyè kalte enstitisyon kote moun fè etid siperyè. Sa nou plis konnen an se sa nou rele "inivèsite", ki genyen andedan l fakilte, enstiti, lekòl ak sant ki bay fòmasyon epi fè rechèch nan tout domèn ki egziste. Akote enstitisyon ki rele "inivèsite", ki la pou kouvri tout domèn syantifik ki egziste, genyen lòt ensitisyon ansèyman siperyè ki konsantre sou yon domèn an patikilye. Egzanp : Inivèsite Deta Dayiti gen misyon pou kouvri tout gwo domèn konesans tandiske "Lekòl Siperyè Enfotwonik Dayiti", yon lòt enstitisyon, mete fokis sou syans al teknoloji. Angwo, wòl yon enstitisyon ansèyman siperyè se :

  1. pwodwi konesans atravè rechèch
  2. transmèt, simaye konesans atravè fòmasyon ak piblikasyon
  3. bay kalifikasyon pou egzèse pwofesyon atravè diplòm

Jan nou wè l nan 2 premye pwen yo ki se pwodwi konesans epi transmèt li, ansèyman siperyè pa mache san rechèch.

Rechèch pèmèt pwodwi KONESANS MOUN KA ITILIZE TOUSWIT pou rezoud you pwoblèm : se sa nou rele RECHÈCH APLIKE oswa RECHÈCH-AKSYON. Egzanp : nan lide pou kore agrikilti nan zòn ki pa gen ase dlo, yon laboratwa nan Inivèsite X devlope yon solisyon k ap pèmèt retire sèl nan dlo lanmè pou l ka awoze jaden.

Yon lòt bò, rechèch pèmèt pwodwi KONESANS AK TEWORI POU JWENN EKPLIKASYON SOU FENOMÈN MOUN PA RIVE KONPRANN : se sa nou rele RECHÈCH FONDAMANTAL. Egzanp : Daprè rechèch nan Inivèsite Southampton nan peyi Angletè, sèvo yon moun pa sispan fonksyone menm kote moun nan mouri an; li kontinye fonksyone jiska 3 minit aprè kè a kanpe.

DIPLÒM

Non yon diplòm ansèyman siperyè ka chanje selon lang ak sistèm edikatif peyi kote li soti a. Men 3 diplòm ansèyman siperyè ki pi popilè, ki gen tokay ("ekivalan") yo nan tout peyi sou latè :

  1. Diplòm Lisans : premye grad inivèsitè ki vini aprè etid segondè, ki egzije 3 oswa 4 lane ap etidye; nan peyi anglosakson yo (kote tradisyon ak pratik yo soti an Angletè), yo plis rele premye grad sa a bachlò (nan pwovens Kebèk, peyi Kanada, yo rere l "bakaloreya");
  2. Diplòm Metriz : dezyèm grad inivèsitè ki vini aprè lisans, ki egzije 2 lane ap etidye;
  3. Diplòm Doktora : twazyèm grad inivèsitè ki vini aprè metriz, ki egzije 3 lane ap fè rechèch (li konn dire plis pou kèk domèn).

Se la nou kanpe pou epizòd sa a. Randevou nan pwochen epizòd la pou nou pale sou yon lòt sijè ki gen pou wè ak ansèyman siperyè.

まだレビューはありません